No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl76 HCK – Petèt se pa sou yon gwo montay

76 HCK – Petèt se pa sou yon gwo montay

1

Petèt se pa sou yon gwo montay,

Ni nan yon peyi byen lwen;

Petèt se pa nan yon gran batay,

Ou va sèvi avèk mwen;

Men si se vwa pa ou ki pale,

Menm si mwen pa gen anyen,

Map reponn, Bondye,

Ak men ou sou mwen,

Mwen va ale kote ou vle.

Mwen vle ale kote ou vle, Bondye,

Nan mòn, sou lanmè, nan vale.

Mwen va di sa ou vle mwen di, Bondye,

Mwen va sa ou vle pou mwen ye.

2

Petèt jodi a se pawòl dous

Jezi vle pou mwen pale;

San dout dwe genyen sou wout la tou,

Moun ki pèdi poum chache.

O Bon Sovè mwen, si ou gidem,

E si sou wout la ou kenbem,

Mwen va repete mesaj lavi,

Mwen va di sa ou vle mwen di.

3

Mwen konnen ou kite yon plas

Nan gran rekòt monn sa a,

Kotem ka fè, menm yon ti kras

Pou Jezi krisifye a.

Ma mete konfyans mwen nan ou, Senyèm,

Paske ou te renmen mwen vre;

Ma fè volonte ou, Sovè mwen,

Mwen va sa ou vle pou mwen ye.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!