No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl45 RCK – Gen de jou m leve sou tè sa a

45 RCK – Gen de jou m leve sou tè sa a

1

Gen de jou m leve sou tè sa a

Pou bagay mwen wè kap pase

Mwen santim pa ka rete sou tè a ankò

Mape mande jiskilè Jezi ap vini retire nou

Poul vin retire n anba tout mizè sa yo.

Tèt mwen ap fèm mal,

Mezanmi vant mwen kè map rache

Tout tan mwen ap kriye

Sa n fè nap peye?

O Bondye! Gen pitye pou pèp la.

2

Gen de Jou m leve map kalkile

Pou bagay mwen wè kap pase

Se men mwen met nan tèt

Poum mande kote sa soti

Yon sèl ti mwa nan lane

Gade valè moun kap mouri

Yon sèl bagay mwen di

Jijman Bondye a tou pre.

3

Tout kotem pase sou latè sa a

Se yon sèl bagay map tande

Maladi tonbe sou lèzòm, pa gen tretman

Malgre anpil rechèch espesyalis yo ape fè

Gerizon mas pèp la se nan Jezi li ye.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!