No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl109 CDK – Jezi mwen te pwomèt ou

109 CDK – Jezi mwen te pwomèt ou

1

Jezi mwen te pwomèt ou

Poum swiv ou jouk lafen;

Rete tou pre mwen tout tan,

Mèt mwen e zanmi mwen.

Mwen pa pè sa kap rivem,

Lè ou rete tou prem;

Mwen pap pèdi nan wout la,

Lè ou mache avèm.

2

M santi lemonn twò pre mwen;

Jezi, rete pi pre.

Gen de bagay ki tantem;

Pou mennenm nan peche.

Lènmim yo, yo toujou la,

Yo anndan kè mwen tou;

Men Jezi, ou ka sovem,

Rete pi pre toujou.

3

Kitem tande ou pale

Byen klèman, poum kapab

Konnen se vwaw ki pale

Malgre tout vwa peche.

Pale pou banm plis konfyans,

Poum fè tout sa ou vle.

Pale, e fèm koute ou

Se ou ki gadyen mwen.

4

O Jezi, ou te pwomèt

Tout moun yo kap swiv ou,

Kotew wa ye nan syèl la,

Se la yo va ye tou,

E Jezi, mwen te pwomèt

Poum swiv ou pou tout tan,

O ban mwen gras ou anpil,

Mèt mwen e zanmi mwen.

5

Kitem wè tout tras ou yo,

Poum mete pye ladann.

Tout espwa mwen pou swiv ou

Se nan fòs ou sèlman.

O gide mwen, e relem,

Soutnim jouk sa fini

Epi pran mwen nan syèl la,

Mèt mwen e zanmi mwen.

RELATED ARTICLES

1 COMMENT

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!