No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl53 CDK – Yon jou avan solèy kouche

53 CDK – Yon jou avan solèy kouche

1

Yon jou avan solèy kouche

Anpil malad te rete la

Devan Jezi nan gran doulè

Apre, yo ale avèk jwa.

Yon fwa ankò, aswè a tou,

Men nou pwoche bò Jezikri.

Senyè si nou pa wè kò ou,

Nou kwè ou isit annespri.

2

O Sovè, chase tout malè!

Gen pami nou moun ki soufran

Gen lòt ki tris, ki nan mizè

Lòt kap soufri nan men satan.

3

Lemonn twonpe jènjan, jènfi,

E yo rete ladann toujou;

Gen moun ki gen move zanmi,

Poutan yo pa vle vin jwenn ou.

4

Tout moun sa yo bezwen lapè,

Sove anba bagay ki fo.

Menm moun yo kap swiv ou pi pre,

Santi peche anndan kè yo.

5

O Sovè Kris, ou se moun tou.

Lè, sou latè, ou te yon nonm

Ou te grangou ak tante tou.

Ou konn sa ki nan kè lèzòm.

6

Men, ou toujou gen menm pisans

Pawòl ou genyen fòs toujou.

Beni nou tout an nabondans,

E aswè a vin geri nou.

RELATED ARTICLES

1 COMMENT

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!