No menu items!
HomeGloire A L’Agneau Kreyòl19 GAK – Te gen yon fanm ki te fè douzan malad

19 GAK – Te gen yon fanm ki te fè douzan malad

1

Te gen yon fanm ki te fè douzan malad

Li tap plede bay san tout lajounen

Depi douzan, ni lannwit ni lajounen

Malerèz la depanse tout sal genyen

Apante tout kay doktè

Mache lakay gangan pou granmesi

Tout moun tap di pat gen espwa

Fanm sa a se jou li tap konte poul mouri.

2

Pandan Jezi ta pral kay Jayiris la

Ak yon pakèt moun ki tap avanse

Fanm nan presel kouri antre nan foul la

Kon yon koulèv li tap fofile

Foul la anpil li te fòsel avanse

Pyès moun pat konn sal te vle

Li fè anpil efò jouk tan li rive

Fanm nan kanpe, li te touche wòb Jezi

Li te jwenn yon pisans nan wòb la.

Ala yon pisans ki gen nan wòb Jezi a!

Fanm nan te aji fwa li

Sèlman li touche wòb la

Epil te jwenn gerizon

Gen yon bagay Senyè a te di fanm nan

Sa se yon leson li vle pou n pratike

Avèk lafwa nou va jwenn tout sa nou vle

Men fòk nou met konfyans nou nan Jezi.

3

Menm jodi a pandan nou nan legliz la

Jezi gen lòt mirak poul opere

Moun kap priye, ou mèt kontinye priye

Gen anpil miray ki pral kraze

Pèsevere, pa dekouraje frèm yo

Kenbe lafwa tout sèm yo

Talè konsa nou prale delivre

Tout moun ki vle

Kapab goute pisans lan

Si yo vle met konfyans yo nan Jezi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!