No menu items!
HomeGloire A L’Agneau Kreyòl18 GAK – Mezanmi lè n gade, lemonn dejenere

18 GAK – Mezanmi lè n gade, lemonn dejenere

1

Mezanmi lè n gade, lemonn dejenere

Se abominasyon.

Abitan ap redi, latè pa vle pwodui

Se abominasyon

Malere vin pi pòv, manje ap vin pi chè

Se abominasyon

Moun ki rich ap pi rich, sa ki pòv ap pi pòv

Se abominasyon.

Kretyen an nou priye, fò n pa dekouraje;

Jezi di nou konsa lè n wè bagay sa yo

Konnen lap retounen

Pinga nou atriste, pinga nou boulvèse,

Bonè nou pa isit

Fòk nou konnen yon jou, kay papa nou nan syèl

Tout mizè va fini.

2

Lè n gade jodi a, pa genyen diferans

Ant pitit ak papa

Chak moun yon sigarèt, yap pouse lafimen

Se abominasyon

Pitit gason kon fipa respekte granmoun

Se abominasyon

Tout moun ape rele, lontan pat janm gen sa.

Se abominasyon.

3

Levanjil ap preche, pou lèzòm ta chanje,

Se pi mal yap pi mal

Fanm mache toutouni, gason fè pèmanant

Se abominasyon

Gason ap mete kèl pou cheve yo vin swa

Se abominasyon

Fanm yo ap abiye menm jan avèk gason

Se abominasyon.

4

Yon seri maladi kap antre nan lemonn

Ki kote yo soti?

Doktè pa ka konnen de ki sa moun soufri

Se abominasyon

Fanm gen lanmou pou fanm, gason chache gason

Se abominasyon

Lèzòm vin egare, yo tout bliye Bondye

Se abominasyon.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!