No menu items!
HomeGloire A L’Agneau Kreyòl27 GAK – Mwen mache nan yon vye chemen

27 GAK – Mwen mache nan yon vye chemen

1

Mwen mache nan yon vye chemen,

Mwen pa janm jwenn sekou

Fado mwen dekouraje mwen

Li sanble tèlman lou,

Mwen plenyen, mwen di Jezi:

Moun yo pa gen lanmou

Epi li reponn mwen

Ak vwal si dous:

Mwen te bouke, mwen menm tou,

Lèm mache sou Kalvè,

Kwa mwen te vin tèlman lou

Menm tonbe m te tonbe

Kretyen, se pou ou fidèl,

Repo ou pa twò lwen,

Pran kwa ou non,

E mache avèk mwen.

2

Souvan mwen konn vante tèt mwen,

Mwen dim fè gwo travay,

E poum mache nan chemen an

Mwen fè gran sakrifis.

M abandone anpil bagay

Poum vini disip Kris.

Epi li reponn mwen

Ak vwal byen tris:

Mwen kite bèl laglwa mwen,

Mwen fè sa ak lajwa,

Lemonn pa resevwa mwen,

Yo klourem sou yon kwa.

Ou menm kap fè chemen an

Ak men ou nan men mwen,

Pran kwa ou non,

E mache avèk mwen.

3

Kounyè a, Jezi, m vle swiv ou

Avèk imilite,

Menm sim ta dwe mouri pou ou

Sa pa tap fèm peye

Tout lanmou san mezi ou

Lanmò ou te montrem

Ak vwal byen dous

Li reponn, li mandem:

Si se sèlman yon vè dlo

Mwen vle ou bay pou mwen,

Oubyen, pote gwo fado

Ki peze jouk lafen,

Menm si mwen vle ou soufri

E menm mouri pou mwen

Jezi, ma pran kwa mwen,

Ma fèl pou ou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!