No menu items!
HomeLes Cantiques De Béraca Kreyòl14 CBK – Mwen te nan yon gran detrès

14 CBK – Mwen te nan yon gran detrès

Mwen egzalte nonw Senyè Jezi

Ou te wetem nan bafon peche

Ou pat vle lènmi mwen yo rejwi

Ou te tandem lèm kriye. (2 fwa)

1

Mwen te nan yon gran detrès

Mwen te gen anpil vye mès

Men Bondye genyen sajès

Li te fè mwen yon pwomès

Lavi ou mèt nan sechrès

Siw konn poukiw nan basès

Mande pitye ak tandrès

Mwen va ba ou yon fòtrès.

2

Mwen kriye nan pye Bondye

Nan fènwa kotem te ye

Men Bondye ou te kache

Lè sa a kè mwen te twouble

Mwen louvri gòj mwen rele:

Tanpri mèt gen pitye

Mwen pa an sekirite

Ou fè nanm mwen soulaje.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!