No menu items!
HomeLes Cantiques De Béraca Kreyòl38 CBK – Ala gwo mèvèy nou pral fè

38 CBK – Ala gwo mèvèy nou pral fè

1

Ala gwo mèvèy nou pral fè

Lè Senyè a bò kote nou

Anyen pa kapab fè nou pè

Lè Senyè a konbat pou nou

Okenn lénmi pap reziste

Devan pouvwa pisans Bondye.

Kite Bondye dirije nou

Nan tout konba nan lavi sa a

Menm si pwoblèm vle fè nou fou

Avèk li nap gen laviktwa.

2

Maladi ka frape kò nou

Nap rete fèm nan Senyè a

Satan te mèt vin tante nou

Nou deja genyen batay la

Lè Senyè a pran defans nou

Lènmi yo kouri devan nou.

3

Okenn traka pap ebranle n

Lè nou sou chemen lavi sa a

Paske Bondye ap dirije n

Depi nou rete pre lakwa

Lènmi yo te mèt atake

Nan Bondye viktwa n asire.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!