No menu items!

75 HCK – Nanm mwen te swaf

1

Nanm mwen te swaf

Li pat jwenn satisfaksyon,

E plezi lemonn te twonpe nanm mwen,

Men yon bon jou,

Lèm tap chache soulajman;

Jezi te dim: Genyen lavi nan mwen.

Wi, mwen te jwenn li, bèl sous lavi a,

Grasa Jezi ki te mouri pou mwen,

San li te koule, sou mòn Kalvè a;

E kounyè a li satisfè nanm mwen.

2

Lavim te tris lèm pat ko konnen Jezi,

Pat gen espwa, nanm mwen te boulvèse,

Men gras Bondye te louvri sous lavi a,

M te jwenn ladann padon ak libète.

3

Zanmi mwen yo, O! Pouki sa nou mize

Vin kounyè a, vin jwenn sous lavi sa a,

Fado peche twò lou pou nou sipòte,

Jezi vle ban nou repo jodia.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!