No menu items!
HomeLes Cantiques De Béraca Kreyòl16 CBK – Mwen te pèdi nan peche

16 CBK – Mwen te pèdi nan peche

1

Mwen te pèdi nan peche

Lanmò m te merite

Bondye nan lanmou li

Pito voye Jezi mouri

San Jezi ki koule

Ka lave tout peche

Paske mwen kwè nan sa

Kondanasyonm kaba.

Bondye deklarem jis,

Menm siw pansem koupab

Bondye ap sanktifyem,

Lap edem pazapa

Li gen pou glorifyem,

Lèl mennenm nan laglwa

Non! pa gen dout nan sa,

Mwen sove, m sove nèt.

2

Mwen jwenn padon peche

Gras mwen pat merite

Li fèm kado lavi

Map viv pou fèl plezi

Mwen fè Bondye konfyans

Lap banmwen plis pasyans

Poum viv yon vi ki sen

Poum swiv li jouk lafen.

3

Bondye toujou fidèl

Li pap manke pawòl

Li jis, li patènèl

Li pap pèdi kontwòl

Travay li kòmanse

Li pap lagel nan wout

M asire map rive

Nan syèl la kout ke kout.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!