No menu items!
HomeLes Cantiques De Béraca Kreyòl17 CBK – Mwen tap viv nan peche lwen Bondye

17 CBK – Mwen tap viv nan peche lwen Bondye

1

Mwen tap viv nan peche lwen Bondye;

Mwen tap fè tout bagay ki fè kè mwen plezi.

Nan twou kotem te ye, lwen Bondye;

Jezi fè lespri vini chachem pou banm lavi.

Sentespri Bondye rejenere mwen,

Sentespri Bondye transfòme mwen,

Sentespri Bondye kraze chenn peche,

Tout glwa pou Bondye lavi mwen chanje. (2 fwa)

2

Mwen vin nan sosyete moun sove;

Mape fè tout bagay kap fè Kris la plezi.

Se gras mwen vin chache kay Bondye lespri

Bondye a nan mwen pou mwen ka pote fwi.

3

Chak jou mape batay kont peche,

Mwen va pote viktwa ak pisans Sentespri.

Djab la, monn lan, chè a mèt move,

Map pote viktwa paske jem fikse sou Jezi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!