No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl49 EEK – Jezi se ou sèl ki fòs mwen

49 EEK – Jezi se ou sèl ki fòs mwen

1

Jezi se ou sèl ki fòs mwen

Poukisa ou abandone mwen

Chak jou m leve mape kriye

Ouvri jew pou wè mizè mwen.

Nan ou menm ki genyen lavi

Pouki sa mwen menm map soufri?

Kounyè a mwen prèt poum mouri

Pa kitem peri souple!

2

Dlo nan jem sèvim nouriti

Em konnen ou gen tout pouvwa

Retire sak pa bon nan mwen

Poum kapab sèvi ou Senyè.

3

Si se pechem ki fè map soufri

Mwen vini mande ou padon

O bon sovè di yon mo pou mwen

Poum pa wont devan lènmim yo.

4

Zanmi mwen Jezi ap rele ou

De bra li louvri lap tann ou

Pa kite satan twonpe ou

Vini! Li va ba ou lavi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!