No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl135 CDK – Bèl ti reyon solèy sa a

135 CDK – Bèl ti reyon solèy sa a

1

Bèl ti reyon solèy sa a

Ki moun ki fèw klere konsa?

Se bon Papa nou. (2 fwa)

Ti zwazo ak bèl koulè,

Ki moun ki fèw chante tout lè?

Se bon Papa nou. (2 fwa)

Se Bondye nan syèl ki Papa nou,

Se li ki fè nou, li plen lanmou.

2

Bèl ti flè kap rejwi nou,

Ki moun ou konnen ki fè ou?

Se bon Papa nou. (2 fwa)

Bèl ti rivyè kap koule,

Ki moun ki fèw, èske ou konnen?

Se Bondye Papa nou. (2 fwa)

3

Timoun ti figi byen fre,

Ki moun ki fè kè ou si lejè?

Se bon Papa nou. (2 fwa)

Ki moun ki montre ou chante

Kon ti zwazo ki toujou ge?

Se bon Papa nou. (2 fwa)

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!