No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl22 CDK – Senyè Bondye mwen vle lavim

22 CDK – Senyè Bondye mwen vle lavim

1

Senyè Bondye mwen vle lavim

Ka ranpli ak lwanj,

Fè tout sam ye, ak tout sam fè,

Fèw plezi tankou zanj.

2

Se pa sèlman lwanj nan bouch

Ni sèlman lwanj kè,

Mwen mande ou edem ofriw

Lwanj nenpòt kilè.

3

Mwen vle louwe ou tout tan, menm

Nan bagay òdinè;

Chak fwa m sòti oubyen m antre,

Epi nan tout sam fè.

4

Fè tout pati ki nan mwen yo;

Kò, nanm avèk lespri

Ka chante lwanj ou, Senyè,

Malgre m fèb e piti.

5

Se konsa, Senyè, nan tout vim

Mwen va glorifye ou,

Em va kòmanse sou latè

Chan ki pou syèl la tou.

6

Fè ni lajounen ni lannwit,

Mwen viv yon vi ki sen,

Poum gen yon kominyon pafè

Ak ou, menm isiba.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!