No menu items!
HomeLes Cantiques De Béraca Kreyòl24 CBK – Li rive nan lavi pwoblèm tèlman anpil

24 CBK – Li rive nan lavi pwoblèm tèlman anpil

1

Li rive nan lavi

Pwoblèm tèlman anpil

Yo vle fè nou kouri

Yo fè nou pèdi souri

Bondye ap di nou

Pou nou pa dekouraje

Paskel avèk nou

E li vle delivre nou.

Bondye pa bezwen gwo zam

Poul delivre pitit li

Ou pa bezwen dekouraje

Ou pa bezwen dezespere

Rele Jezi li va leve defiou.

2

Pòl avèk Silas

Tape soufri nan prizon

Magre sa yo te konfyan

Paske yo kwè nan Bondye

Li te manifeste

Pòt prizon te louvri

Se yon reyalite

Pouw pa janmen bliye.

3

Reveyew frè mwen,

Reveyew sè mwen

Bondye pami moun

Ki toujou kanpe devan

Li chwazi ou menm

Pou ou ka temwaye

Jan li genyen pisans

Ak konpasyon pou pitit li.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!