No menu items!
HomeL’Ombre Du Réveil Kreyòl61 ORK – Prezans ou pi chè pase lò

61 ORK – Prezans ou pi chè pase lò

Prezans ou pi chè pase lò

Prezans ou pi dous pase myèl

Tout moun ki goute li konn sa

Ala ou bon Senyè Jezi!

1

Se pou non ou beni

Ou menm Bondye trè wo

Se pou tout sak nan nou beni ou

Se ou ki padone tout inikite n yo

E ki geri tout maladi n yo.

2

Non ou se Emanyèl

Ki se Bondye ak nou

Nou tout reyini pou laglwa ou

Nou vle pouw touche nou

Pandan nap chache ou

Manifeste prezans ou Senyè.

3

Lè n atriste lespri ou,

Se jemi nap jemi

Tout zo nan kò nou yo ap griye

Benediksyon pa nou,

Se kouri pou peche

Poun kapab toujou nan prezans ou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!