No menu items!
HomeGloire A L’Agneau Kreyòl9 GAK – Yon jou lèzòm ap peye

9 GAK – Yon jou lèzòm ap peye

1

Yon jou lèzòm ap peye

Byen chè tout rebelyon;

Yo mache nan lide yo,

Yap pratike mechanste.

Bondye nan gran amou li,

Li mete levanjil

Kon yon limyè sou latè,

Men lèzòm pa konprann sa.

2

Te gen yon nonm ki te rich

Yo te rele Nabal;

David te vin gen pwoblèm,

Li te frape pòt Nabal,

Malgre tout gran sèvis yo

David te rann Nabal

Lè li te nan dezè a,

Men Nabal te meprizel.

3

Jezikri di siw ta bay

Yon sèvitèl lamen

Ou mèt genyen asirans

Se pou li menm ou fè sa.

Bondye nan lye sekrè a

Ape gade chak moun,

Malgre tout mechanste yo,

Men Bondye vle yo sove

Yon jou tankou jodi a,

Jezi pral retounen;

Latè pral souke kò li,

Mechan yo pral tonbe. (2 fwa)

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!