No menu items!
HomeLes Cantiques De Béraca Kreyòl34 CBK – Gras mwen sifi pou ou

34 CBK – Gras mwen sifi pou ou

Gras mwen sifipou ou (3 fwa)

Pisans mwen akonpli nan feblès ou. (repriz)

1

An twa fwa mwen priye

Pou Bondye geri mwen,

Chak fwa li reponn mwen

Favèm sèlman ou vle,

Nan mitan feblès ou

Pouvwa mwen kouvri ou,

Kite mwen fè sa mwen vle.

2

Menm si difikilte

Traka, kalamite,

Wi boulvès tout kote

Mizè, grangou se vre,

Pèsekisyon, danje

Ou vle dekouraje,

Kite mwen fè sa mwen vle.

3

Pa toumante tèt ou

Non, pa kraze kò ou,

Se pou sa pitit mwen

Menm lè wape soufri,

Rete anba zèl mwen

Mwen pap janm lage ou,

Wi gras mwen sifipou ou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!