No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl81 HCK – M pa merite pi piti nan favè li

81 HCK – M pa merite pi piti nan favè li

1

M pa merite pi piti nan favè li

Men Kris kite syèl la pou mwen

Pawòl la tounen chè,

Nan plas mwen li mouri

Sou bwa Kalvè abandone.

M pa merite li! Lang mwen deklare li;

M pa merite li! Kè mwen konstate li;

Kris twoke plas ak mwen pou banm lavi;

Sou bwa Kalvè abandone.

2

M pa merite pi piti nan favè li,

Men nan Jezikri mwen kanpe.

Li te akòde mwen tout richès enfini,

Mwen ak Kris gen menm eritaj.

3

M pa merite pi piti nan favè li

Men lale prepare yon plas,

Kote na jwi prezans Redanmtè beni an,

Pou tout tan na wèl fasafas.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!