No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl82 HCK – Bondye damou Syèl la di li

82 HCK – Bondye damou Syèl la di li

1

Bondye damou! Syèl la di li,

Bèl zetwal manifeste li,

Bondye damou! Nanm mwen chante li;

Tout kolin repete glwa li,

Menm ravin chante istwa li,

Bondye damou! Ann chante pou li.

Koute lè van an ap soufle

Dousman nan pyebwa;

Tande rosiyòl la pwononse, Alelouya!

Eskew tande chan yap chante?

Kreyasyon ap manifeste,

Bondye damou! Se yon Bondye damou!

2

Bondye damou! Men bon nouvèl!

Se mesaj ki pi esansyèl,

Bondye damou! Bib la anonse

Jezikri gran Kreyatè a

Te vini kòm Redanmtè a,

Nan plas nou li aksepte soufri.

Nan yon tribinal Women yo te kondane li,

Yo te meprize gwo gras ak delivrans Bondye;

Sou lakwa li ban nou lavi,

Pa lafwa nou aksepte li,

Bondye damou! Wi, Bondye damou!

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!