No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl16 RCK – Frèm ak sèm yo kap viv nan tan difisil...

16 RCK – Frèm ak sèm yo kap viv nan tan difisil sa a

1

Frèm ak sèm yo

Kap viv nan tan difisil sa a

Mwen konnen nou chaje avèk pwoblèm

Timoun lekòl yo bezwen manje chak jou

Nou pa bezwen di nan ki sitiyasyon nou ye

Timoun lekòl yo bezwen manje chak jou

Yon sèl bagay, konnen Jezi ka delivre n.

Jezi konn rezoud pwoblèm

Li konn geri malad

Sovè a pa gen limit

Menm mò li fè leve.

2

Byenneme m yo pa kite fwa nou twouble

Menm lè lavi a parèt dwòl pou nou

Paske nap sèvi Bondye ki toupisan an

Met pawòl li an pratik epi aji fwa nou

Paske nap sèvi Bondye ki toupisan an

Remèt li vi nou epi na wè grandè Bondye.

3

Lè n gen pwoblèm pa kouri adwat agoch

Pa rakonte lèzòm pwoblèm nou, kretyen.

Se li sèl ki gen pouvwa sou tout bagay

Leve je nou anwo bò kote Bondye

Lap delivre nou e na glorifye non li.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!