No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl17 RCK – Pandanm vin jwenn Jezi

17 RCK – Pandanm vin jwenn Jezi

1

Pandanm vin jwenn Jezi

M wè nanpwen chaj ankò

Paske Jezi wete yo, li ban mwen tout libète

M te gen gad poum peye

Libera poum te chante

E anpil lòt bagay poum te kapab sove.

Men Jezi di mwen non,

Se pa sa pou mwen fè;

Se pou mwen kwè nan Bondye

Pou mwen kapab sove

Nanpwen anyen sou latè

Ki ka sove pèsòn

Nan tout bagay se poun

Rele Bondye

2

Mwen te desann Sentiv

Mwen tale pran devosyon

Chaplè mwen te nan menm

Meday sen an te nan koum

Etanm tap byen mennen

Men dife te pran sou mwen

Si se pat levanjil

Depi lè a m tap mouri.

3

M tale Bakonwa,

M tale konsilte ougan

Lèm rive Bakonwa

Li monte yon chat nwa ban mwen

Lèm rive Pòtoprens

Men chat la vle devorem

Granmesi levanjil

Ki te ban mwen lavi.

4

Mwen tale Sentandre

Mwen tale mandel maryaj

Lèm rive Sentandre

Yo reponn mwen poum marye

Mwen te marye samdi

Nan lendi mwen divòse

Yo te banm yon maryaj

Yo pa te banm Jezikri.

5

Mwen tale Vilbonè

Mwen tale chache bonè

Lèm rive Mòn Kabrit

Kamyon chavire avèm

Se te men Letènèl

Ki sovem ki delivrem

Granmesi Levanjil

Ki te ban mwen lavi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!