No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl6 EEK – Mwen pa kapab rete konsa

6 EEK – Mwen pa kapab rete konsa

1

Mwen pa kapab rete konsa

Sanm pa panse avèk Jezi

Se li menm ki te gerim

Lèm tap soufri ak maladim nan

Doktè pat kapab fè anyen

Lajan pat kapab banm lavi

Sim pa panse avèk Jezi

Avèk kilès poum ta panse.

A la engra m ta engra

Poum pa ta louwe non Jezim nan

Paske lè mwen te malad

Se li menm ki te geri mwen

Sa se mo temwanyaj mwen

Pou sa Jezi fè pou kè mwen

Nou menm kap soufri jodi a

Gen yon jou na delivre.

2

M sonje lèm te gen lajan

Mwen te genyen anpil zanmi

Kounyè a m vin malere

Tout zanmim yo kouri kite mwen

Depi mwen rankontre Jezi

Tout bagay yo te vin chanje

Sanatoryòm zanmi bliyew

Jezi li menm li toujou la.

3

Zanmi mwen yo nan Senyè a

An nou mare senti nou fò

Poun pa kite tribilasyon

Fè nou bliye Jezi Sovè a

Menm si lemonn ap kritike n

Yo di se tèt mare nou ye

An nou reponn ak jantiyès

Nou se tèt mare pou Jezi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!