No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl53 EEK – Souvan nou mande, sa demen ap pote

53 EEK – Souvan nou mande, sa demen ap pote

1

Souvan nou mande, sa demen ap pote

Si se pa gwo mizè, chagren ak tristès

Sa fè enkyetid fin anvayi kè nou,

San nou pa menm panse si Jezi ak nou.

Frè mwen ak sè mwen

Atansyon! Pa twouble

Nou dwe konnen avni nou nan men Bondye

Kit se pase, kit se prezan ou demen

Tout nan plan Bondye pou byen moun kap swiv li.

2

Nou pa kapab fè anyen pou tèt nou

Si se pa men Bondye kap kondui nou

Si nou vle genyen yon avni asire

Nou dwe toujou mete konfyans nan Bondye.

3

Sonje trè byen Bondye nou an pisan

Tout sa ki enposib, ak li yo posib

Nou dwe prepare nou pou retou Jezikri

Retou li pa twò lwen, lap vin chache nou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!