No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl138 CDK – Gen yon fwa nan vil David la

138 CDK – Gen yon fwa nan vil David la

1

Gen yon fwa nan vil David la

Nan yon etab pòv tou ba,

Yon manman kouche pitit li

Nan yon krèch ranje ak pay.

Se te Mari bèl manman sa a,

Ti pitit la se te Jezi.

2

Li te soti jouk nan syèl la,

Li ki Bondye e Senyè,

Li desann jouk nan etab la,

Nan krèch la li te dòmi.

Jezi, Sovè nou, te vini

Fèt sou latè, pòv e janti.

3

E tout tan lè li te piti

Li te koute manman li.

Li renmen gadel e sèvil,

Li te soumèt devan li.

Tout timoun ki vle swiv li

Dwe toujou soumèt e janti.

4

Jezi se modèl timoun yo,

Li te grandi tankou nou;

Li te bezwen moun okipel,

Li te kriye, el souri tou.

Lè nou tris, li soufri ak nou;

Lè nou jwaye, li kontan tou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!