No menu items!
HomeMélodies Joyeuses Kreyòl43 MJK – Tout lavi mwen, mwen tap soufri

43 MJK – Tout lavi mwen, mwen tap soufri

1

Tout lavi mwen, mwen tap soufri,

M tap chache yon dlo poum bwè;

Ki tap soulajem pou tout tan,

Swaf la ki te plen kè mwen.

Alelouya mwen jwenn Jezi,

Lontan nanm mwen te chache;

Jezi satisfè tout kè mwen,

Se ak san Li mwen sove.

2

Manje lemonn te plen vant mwen

Men mwen pat gen kè poze,

Mwen tap chache sa ki pi bon

Nanm mwen te toujou grangou.

3

Mwen te pòv, lajan m tap chache,

Yon bagay pou satisfèm,

Men tou sa mwen tap rasanble

Pat fè anyen pou nanm mwen.

4

Yon sous dlo ki toujou koule,

Pen lavi si bon, san pri,

E richès ki satisfè mwen,

Mwen jwenn tou sa nan Jezi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!