No menu items!
HomeLes Cantiques De Béraca Kreyòl6 CBK – Senyè ou sondem ou konnen ki moun mwen ye

6 CBK – Senyè ou sondem ou konnen ki moun mwen ye

1

Senyè ou sondem ou konnen

Ki moun mwen ye

Ou konnen lèm chita, ou konnen lèm kanpe

Malgre ou byen lwen ou konnen

Tout sak nan mwen

Ou konnen sa mwen di

Menm lè bouch mwen ret fèmen

Kotem vire ou la ou pwotejem ak pouvwa ou

Tout lajwam se nan ou,

Louwanj ak glwa m pote ba ou.

Tout jem fikse sou ou papa mwen

Se ou sèl mwen vle swiv jouk lafen

Lè menm nan menw, map toujou mennen

Solèy ap klere nwit kou lajounen

Tout wout mwen ap klere jouk lafen.

2

Senyè konesans ou genyen twòp pou mwen

Ki bò mwen ta ale pou ou pa wèm devan jew

Nan syèl, anba tè, ou nan peyi byen lwen

La ankò wap toujou fèm santi janw prem

Kit fènwa, lajounen, tout bagay byen klè pou ou

Lèm voye je gadew

Tout nanm mwen vle louwe ou.

3

Senyè sa ou vle twò difisil pou konprann

Lèfini yo anpil menm pi plis pase zetwal

Menm sim fè jefò mwen fè tenten anba chal

Poum mache nan bon wout

Se sou ou sèl mwen depann

Sonde mwen, fouye mwen,

Ak tout fòs mwen m vle louwew.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!