No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl75 RNK – Mwen sonje yon jou

75 RNK – Mwen sonje yon jou

1

Mwen sonje yon jou

Kijan mwen te malad

Doktè te di konsa

Li pa kwè map sove

Paranm yo tande sa,

Yo tout te pran kriye

Men Jezi te pale nan jou sa a.

Mwen pa kapab bliye, bliye jou sa a

Kòman poum ta bliye jou sa a

Joum te jwenn soulajman

Pou nanm mwen

Glwaradye! (2 fwa, 4 liy)

2

Lè mwen pat gen Jezi

Kè mwen te toujou tris

Mwen pat kapab manje,

Mwen pat kapab dòmi

Lèm rankontre Jezi

Tout bagay te chanje

Ala yon bon zanmi se Jezi!

3

Lè mwen te nan lemonn

Mwen toujou tap kriye

Peche mwen yo te wouj

E tèt mwen te chaje

Chak jou mwen te leve

Pwoblèm agoch, adwat

Mwen te remèt lavim bay Jezi.

4

Jodi a si gen moun

Ki poko gen Jezi

Kouri vit akseptel

Paske lè a rive

Nan Jezi gen lavi,

Gen lajwa nan Jezi

Nan Jezi gen yon lèt kap koule.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!