No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl4 RCK – Lè n gade lanmè ou kreye

4 RCK – Lè n gade lanmè ou kreye

Dye twa fwa sen (2 fwa)

Nap rele ou souple,

Lonje men ou ban nou

Pa kite nou dekouraje

Dye twa fwa sen (2 fwa)

Nap sipliyew souple,

Voye je ou sou nou

Pa kite nou pèdi lafwa.

1

Lè n gade lanmè ou kreye

Lè n gade bèl flè ou kreye

Nou wè vrèman Senyè

Ou se Bondye siprèm

Nou pa ta dwe janmè manke

Lè n gade ti van kap soufle

Lè n gade latè ou kreye

Nou santi nan nou menm

Ou se Bondye siprèm

Nou vle ba ou tout lavi nou.

2

Lè n gade zwazo kap chante

Lè n gade zetwal kap klere

Nou wè vrèman Senyè

Se ou menm ki fè yo

Se ou menm ki dirije yo

Lè n gade syèl la ou kreye

Lè n gade lapli ou voye

Nou santi nan vi nou

Ou se Bondye siprèm

Nou remèt ou tout lavi nou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!