No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl9 EEK – Genyen de moman nan lavi

9 EEK – Genyen de moman nan lavi

1

Genyen de moman nan lavi

Ou santiw fèb e dekouraje

Lè lakay blanch san manje

Ou dwe plis pase très cheve ou

Vwazinaj ap pèsekite ou

Lannwit kou jounen yap joure ou

Ou santi ou dezespere,

San pèsonn ki pou konsole ou.

Sovè a di nan pawòl li

Pote tout chaj ou yo ba li

Lape tann ou de bral louvri,

Se pou oul te mouri.

2

Souvan maladi vin tonbe

Tristès, lapenn vin ogmante

Ou nan travay yo revoke ou

Tout zanmi ou yo abandone ou

Lannwit, lajounen dlo nan je ou

Wap mande saw fè, wap peye

Ou vle mouri, lanmò pa vle ou

Vin jwenn Jezi la delivre ou.

3

Yon kretyen gen de lèk rive

Nou santi n vrèman boulvèse

Lè tanpèt lavi debòde

Van ap vante, loraj gronde

Lè bak nou prèt poul chavire

Nou tonbe sou jenou n nou priye

Sovè a ki toujou tou pre

Vin seche je n e konsole n

Frèm sèm pa lese ou dekouraje

Lè tout bagay pa janw ta vle

Sonje byen Jòb te epwouve aprèl te delivre.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!