No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl5 RCK – Jezi menm nan menw pran swenm Senyè

5 RCK – Jezi menm nan menw pran swenm Senyè

1

Jezi menm nan menw pran swenm Senyè

Kòman poum fè si ou pa ede mwen

Yo palem mal yo kritikem Senyè

Sa pa pwoblèm paske Jezi avèm.

Pa genyen konfyans nan zanmi ou frè mwen.

Nenpòt kilè yon zanmi ka trayi ou

Nan yon sèl moun ou dwe konfyew, frè mwen

Se Jezi sèl ki konn sa ou bezwen.

2

Te gen yon zanmi ki te konn tout afèm

Zanmi sa a te trayim nan yon segonn

Li di lap banm pwazon lap banm koutlè

Sa pa pwoblèm paske Jezi avèm.

3

Zanmi lemonn se tout tan ou gen byen

Lèw gen lajan, lasante, ak bèl kay;

Lè lavi a kòmanse maltretew

Yo pa gadew tankou yon pil fatra.

4

Mwen sonje yon jou siklòn tap vante

Lè sa a mwen te fè ladesant kay zanmi

Malgre lapli zanmi an metem deyò

Depi lè sa a Kris banm kay poum rete.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!