No menu items!
HomeGloire A L’Agneau Kreyòl4 GAK – Lè n rete nap gade sa kap pase

4 GAK – Lè n rete nap gade sa kap pase

Jezi pral jije kriminèl yo

E lap kondane yo;

Jezi pral jije kriminèl yo,

Lap pwononse santans yo.

Lè li va louvri gwo liv la

Poul fè apèl mechan yo;

Jezi pral jije kriminèl yo

E lap kondane yo.

1

Lè n rete nap gade sa kap pase;

Nou pa ka pa pale.

Mechan yo ap touye, yap maltrete

Tout pitit Bondye yo.

Yo touye ti bebe nan bèso yo

Sa a se mechanste,

Letènèl pral vanje san inosan

Yo te sakrifye.

2

Lè nou wè sa kap pase pitit Bondye yo,

Dlo koule nan je nou.

Yarete, yo maspinen, yo kraze zo yo

Yo menm fizye yo.

Yo mete yo nan prizon, yo bliye yo

Sa a se mechanste;

Gen yon jou ki pral rive

Yo pap kenbe yo, fòk yo libere.

3

Te gen yon nonm lontan ki te awogan

Yo te relel Golyat, pat gen moun

Ki te gen dwa poul te ka kanpe

Poul goumen ak Golyat.

Larete, li fizye, lanprizone pitit Izrayèl yo;

Letènèl voye David vin atake li

Golyat te tonbe, se vre.

4

Lèw rete ou wè yon nonm kenbe yon nonm,

Li met kouto nan koul;

Li pran vèl li parel lape pran san,

Pou lale banboche.

Li pa menm reflechi si se frè li,

Sa a se mechanste

Letènèl pral pale, li pral di, arete!

Jou pam nan rive.

5

Letènèl ap pare bèt sovaj yo,

E lap antrene yo;

Jou festen an tou rive pou li vanje

San pitit li yo.

Jeneral, gouvènè, wa latè yo

Vi nou menase;

Vini non sa nap tann, chape poul nou

Jou a pre rive.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!