HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl36 HCK – Gen moun kap chache san rete

36 HCK – Gen moun kap chache san rete

1

Gen moun kap chache san rete,

Bagay ki tou nouvo;

Mwen te jwenn yon pi bon bagay

Se lavi etènèl.

Kè

Mwen dekouvri chemen kontantman,

Mwen dekouvri chemen lajwa,

Mwen dekouvri yon gran soulajman,

Se yon bonè ki pap janm kaba;

Mwen dekouvri sous benediksyon,

Mwen dekouvri pawòl vivan,

Mwen dekouvri tout bon bagay sa yo

Lè mwen jwenn Jezi, Sovèm.

2

Mwen dekouvri pi bon bijou

Ki genyen sou tè sa a;

Nan Jezi mwen rich pou toujou,

Nan syèl e isiba.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments