No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl7 RCK – M toujou tande lemonn ap di

7 RCK – M toujou tande lemonn ap di

Alelouya! Alelouya! Jezi se wa nan lavi mwen

Lè lavi mwen atriste se li ki vin konsole mwen

Alelouya! Alelouya! Jezi se sèl kapitèn mwen

Lè bato mwen pral koule se li ki vin pilotem.

1

M toujou tande lemonn ap di:

Sak te gen nan levanjil la?

Moun ki levanjil gen pwoblèm,

Nou menm tou nou gen pwoblèm.

Menm siw ta wè nou gen pwoblèm

Pwoblèm nou yo pa sou do nou.

Yon sèl bagay nou konnen,

Jezi se wa nan lavi nou.

2

Nan tout kote nou pase

Tout moun se yon sèl pawòl

Tèlman yo genyen pwoblèm

Yo pa konn sa pou yo fè.

An nale sou montay yo,

Nan plenn yo, nan vale yo

An nal di yo pran kouraj

Jezi ap vin delivre yo.

3

Menm si ou ta wè nou leve

Dife pa limen nan kay la

Timoun yo pa ka manje

Yo pa ka ale lekòl

Vwazinaj te mèt kritike n

Frèm, sèm sa pa di anyen

Menm si n pa ka peye kay la

Jezi se wa nan lavi nou.

Lè bato mwen pral koule

Se li ki vin dirijem

Lè avyon an pral tonbe

Se li ki vin pilotem

Lè djab la vin poul toumantem

Se lik vin potem sekou

Lè pwoblèm yo vin devanm

Se li ki vin pilotem

Lè wout la tounwa pou mwen

Se li ki vini klerem

Pilote, pilote.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!