No menu items!
HomeDes Cantiques Spéciaux Kreyòl3 CSK – Frèm ak sèm yo vini pou nou mete n...

3 CSK – Frèm ak sèm yo vini pou nou mete n ajenou

1

Frèm ak sèm yo

Vini pou nou mete n ajenou

Devan Papa nou an

Poun ba li glwa ak louwanj

Li merite pou tout tan.

Mande li pen chak jou

Ak padon peche n yo tou

Chay nou santi twò lou

Lap retirel pou nou.

Mòn ki pi wo yo

Kapab deplase

Lanmè ki pi fon

Kapab separe

Kè ki pi lou yo

Kapab soulaje

Lè pitit Bondye yo priye. (2 fwa)

2

Pou sa ki malad yo, sa ki pèdi

Ki poko jwenn bon chemen

Se pou vwa nou sonnen

Ak lafwa, konviksyon

Tout sa nou mande

Kapab rive si li vle.

Ann met kè nou ansanm

Poun fè priyè nou monte

E lè gras la va desann

Lemonn va wè se vre.

Chant du groupe Alabanza

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!