No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl15 HCK – Mwen genyen yon pi gran dezi

15 HCK – Mwen genyen yon pi gran dezi

1

Mwen genyen yon pi gran dezi,

Pou mwen sanble ak Jezi;

Nanpwen yon lòt pi gran plezi,

Pase sanble ak Jezi.

Mwen vle kè mwen sèvi twòn li,

Pou lemonn kapab chache lavi,

Ou mèt wè li nan mwen tanpri,

Mwen vle sanble ak Jezi.

2

Li sèvi lèzòt san rete,

Mwen vle sanble ak Jezi;

Li mache ak imilite,

Mwen vle sanble ak Jezi.

Pou tout foul la li gen senpati,

Li pale yon mesaj beni,

Se pechè yo li akeyi,

Mwen vle sanble ak Jezi.

3

Lavi li te san tach e sen,

Mwen vle sanble ak Jezi;

Obeyisan jiska lafen,

Mwen vle sanble ak Jezi.

Lè tan li rive pou mouri,

Padone yo, se sa li te di,

Pou moun sa yo ki te lènmil,

Mwen vle sanble ak Jezi.

4

Ala Kris viv yon vi pafèt!

Mwen vle sanble ak Jezi;

Se rekonpans la ban mwen nèt

Lè mwen sanble ak Jezi.

Kèlkeswa kò, nanm ak lespri,

Fòs li dwe kontwole tout lavi,

Pou mwen nanpwen lòt pi gran bi,

Pase sanble ak Jezi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!