No menu items!
HomeDes Cantiques Spéciaux Kreyòl12 CSK – Sou lakwa ou pat regrèt

12 CSK – Sou lakwa ou pat regrèt

1

Sou lakwa ou pat regrèt

Bay lavi ou pou mwen

Se tou nòmal poum remèt

Lavi mwen nan menw

Mwen vle yon enstriman nan menw

Akòdem jan ou vle

Kontwolem, dirijem,

Lavim se pou ou.

Pran volontem Senyè,

Pwogramem jan ou vle

Kondui mwen,

Mennen mwen

Kote ou vle

Se ouk pou deside,

Fèm mache jan ou vle

Itilizem, Kontwolem,

Se tout mwen menm ki pou ou.

2

Menm jan potye a fè sal vle

Ak ajil la ki nan menl,

Se konsa tou chè Senyè

Ban mwen fòm ou vle

Siw wèm ta nan wout pèdi ray,

Ralem vin jwenn ou

Pa gen diskisyon nan sa

Se zafèw mwen ye.

3

Se pa sim vle men se yon dwa

Ou genyen sou mwen,

Si se pat ou mwen tap pèdi,

Mwen pa tap anyen

Menm jan ak yon moso lakrè

Nan men yon pwofesè

Mwen nan men ou chè Senyè

Fè sa ou vle avèm.

Chant du groupe les Gilbert

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!