No menu items!
HomeDes Cantiques Spéciaux Kreyòl11 CSK – Ki sak ka ranplase prezans ou nan lavim Senyè

11 CSK – Ki sak ka ranplase prezans ou nan lavim Senyè

Ki sak ka ranplase,

Prezans ou nan lavim Senyè.

Ki sak ka ranplase

Prezans ou nan kè mwen

O! Anyen! O! Anyen!

Pa ka ranplase prezans ou nan lavim.

1

Lè mwen potko rankontre ou,

Mwen pat janm gen lapè ditou,

Chagren, lapenn, dekourajman

Te pran kè mwen pou fè depo

Tout efòm fè poum jwenn solisyon,

Sitiyasyon pat janm chanje

Men lèm rankontre ak Jezi,

Mwen ka di se pa menm bagay.

2

Mwen tap viv, lavim pat gen sans

M tap mache m pat gen direksyon

Malgre tout sam te eseye,

Mwen pat janm rive satisfè,

Depi menm jou ou pran plas nan kèm

Lapè ak lajwa anvayim, m pa gen mo

Poum eksplike sa,

Sèlman m konstate m chanje.

3

Pa gen anyen ki ka ranplase

Lavi etènèl ou ban mwen

Pa gen anyen ki ka ranplase

Tout pwomès ki nan pawòl la

O! Anyen paka ranplase

Prezans Sentespri nan lavim

Pa gen anyen ki ka ranplase

Prezans ou Senyè nan lavim

Chant du groupe les Gilbert

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!