No menu items!
HomeDes Cantiques Spéciaux Kreyòl10 CSK – Si nap viv frè mwen

10 CSK – Si nap viv frè mwen

Si nap viv frè mwen

Gras Bondye kouvri n

Pa gen anyenn fè pou sa,

Se rete n, rete n wè n konsa. (2 fwa)

1

Si se pat Bondye k te kenbem,

Vye lavi tap gentan krazem,

Pa gen rezon poun atriste

Lèw wè afèw poko mache.

Bondye gen yon plan pou chak moun

Rete tann li pa gad sou moun

Lè jou delivrans ou rive

Pa gen moun ka anpechel.

2

Pingaw enkyetew pou lavi

Sèlman kwè nan sa Bondye di

Menm si lavi a difisil

Pou Bondye tout bagay fasil

Si moman an parèt tou nwa

Toujou kwè gen yon lè fòl konsa

Moun ki met konfyans nan Bondye

Pa janm rete abandone.

3

Poukisa nap plede plenyen,

Tout jounen figi ou fennen

Ou bliye si Bondye fidèl,

Li sansib pou moun ki avèl

Ou pa bezwen di moun afèw,

Se sèl li menm ki wè mizèw

Konnen byen sin dekouraje,

Se satan nap ankouraje.

Se gras Bondye

Siw wè map mache, baka pa manjem

Se gras Bondye

Ensekirite… kèm pa janm sote

Menm si lavi a chè men nou toujou manje

Siw wè map mache, map bay Bondye glwa

Siw wè nou legliz nap sèvi Bondye

Si nou pa malad, nou pa lopital

Siw wè nal lekòl, nou tout reyisi.

Chant du groupe les Gilbert

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!