No menu items!
HomeLes Cantiques De Béraca Kreyòl3 CBK – Mache nan chemen lavi

3 CBK – Mache nan chemen lavi

1

Mache nan chemen lavi

Mande pou nou pote fwi

Pou fè kè Bondye rejwi

Pou pisans satan detwi

Men si nou vle reyisi

Fòn li Bib la poun grandi

Fòk nou ranpli ak Lespri

Fòk je nou fikse sou Jezi.

Fòk je nou fikse sou Jezi

Fòk nou chita nan pawòl li

Fòk nou met konfyans nou nan li

Fòn lage nou nèt nan men li.

2

Senyè m santi m pa kapab

Kontinye viv nan rayisab

M vle sispann travay pou djab

M vle viv kon moun responsab

Lè Jem sou Jezi m kapab

Rete fèm inebranlab

Poum travay ak kè emab

poum travay etap pa etap.

Men, fòk jem fikse sou Jezi

Fòk mwen chita nan pawòl li

Fòk mwen met konfyans mwen nan li

Fòm lage mwen nèt nan li.

3

Bondye pa nan patipri

Tout moun bezwen Jezikri

Pou sa li mande n ofri

Levanjil bay gwo kon piti

Ann travay pou Mèt la tanpri

Ann di moun nan Kris gen lavi

Jou pou pran Kris se jodi

Ann fikse je nou sou Jezi.

.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!