No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl13 CDK – Lè nap mache ak Kris, nan limyè pawòl li

13 CDK – Lè nap mache ak Kris, nan limyè pawòl li

1

Lè nap mache ak Kris, nan limyè pawòl li

Ki bèl glwa li voye sou wout nou!

Lè nap fè volontel, li rete kote nou,

Avèk tout moun ki obeyi, kwè.

« Obeyi, kwè », se tout sa pou ou fè,

Pou ou kontan nan Jezi,

Se pouw obeyi, kwè.

2

Lonbraj kapab parèt, ka gen nyaj nan syèl la

Souri Jezi fè tout disparèt;

Okenn dout, okenn krent, ni soupi, ni kriye

Pap rete lè nou obeyi, kwè.

3

Nou pap pote yon chay pou yon lòt kap soufri

San Jezi pa beni nou pou sa.

Nou pap sibi yon pèd, nou pap pote yon kwa

Sann pa beni, sin obeyi, kwè.

4

Men nou pa ka konnen tout mèvèy amou li

Avan nou konsakre tout bagay;

Paske byenfè li yo ak lajwa li ban nou,

Se pou moun ki vle obeyi, kwè.

5

Konsa nan prezans li, na chita nan pye li

Oubyen na mache nan wout avèl.

Sa li di, nou va fè; nou pral kote li vle

San pè anyen na obeyi, kwè.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!