No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl49 RNK – Mwen genyen yon bagay

49 RNK – Mwen genyen yon bagay

1

Mwen genyen yon bagay

Ki fè kè mwen kontan;

Anpil moun etone, pou wè

Kòmanm kontan,

E map toujou kontan,

Espwam pa sou tè sa a

Daprè pwomès Bondye

Menm si mwen te grangou,

M pat gen kay poum rete,

Mape tann gran jou sa a.

Refren

Pap gen pale franse,

Konesans pral fini, richès pral disparèt.

Pap genyen gwo mesye,

Ni pap gen gwo madanm,

Tout moun va menm bagay.

Lè Jezi retounen, li pap vini chache

Savan ak zotobre;

Sèlman li va bezwen

Moun ki fè volontel,

Yo va men nan lamen.

2

Pou ou kapab al legliz,

Fòk ou byen abiye

Sak pa gen poul mete,

Pa dwe chita kotew,

Ou ranpli ak lògèy.

Sonje sa Kris te di

Gwo doktè Nikodèm;

« Siw ta vle gen lavi,

Fòk ou fèt yon lòt fwa,

Ou va wè gran jou sa a. »

3

Anpil moun konvèti,

Yo pa chache Bondye,

Yape priye sèlman

Pou kay avèk oto,

Se bagay kap pase.

Yo pa priye Bondye

Pou padon peche yo

Fòk nou fè atansyon,

Paske kay ak oto

Pap rantre nan syèl la.

4

Lasyans ape travay,

Malgre sa se nilman,

Sak konn fè mechanste,

Ap vini pi mechan,

Syans pa ka bay lavi.

Lòm pa ka chanje lòm,

Se sèlman Jezikri

Menm siw te lougawou,

Ou te konn touye moun

Jezi kapab chanjew.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!