No menu items!
HomeLa Voix Du Réveil Kreyòl1 VRK – Map kalkile yon jou

1 VRK – Map kalkile yon jou

1

Map kalkile yon jou

Nan syèl la ma wè sa,

Andedan tout liv sa yo

Tout pechè te enskri;

Mwen wè non mwen byen klè,

M di Bondye sa poum fè

M lagem nan pye Sovè mwen

Mwen regle koze mwen.

E la menm, wi la menm

Wi se la menm tout koze mwen te regle

Mwen pa pè anyen ankò

Dèt mwen yo deja peye

E pwoblèm mwen yo ak jij la

Tou regle.

2

Sa mwen te fè te twòp

E mwen te vle toujou,

Tankou yon egare

Fè plis peche chak jou,

Men lè jem te louvri

Mwen wè kijanm te ye

Mwen te prese lage mwen

Nan pye Jezi Sovèm.

3

Jou jijman an pral vini

Devan yon gran twòn blan

Lè tout mò va vini

Liv yo prale louvri

Lè yo va chache nonm,

Yo pap jwenn li ladanl

Paske Jezi te enskril

Nan gran liv lavi a.

4

Metew an règ ak li

E fè sa kounyè a,

Pa kite twò ta barew

Pou li ka padonew;

Siw fè menm jan avèm

Ou vini jwenn Jezi

Jezi va delivre ou

La met nonw nan liv la.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!