No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl103 CDK – Adore li! Jezi Redanmtè beni nou

103 CDK – Adore li! Jezi Redanmtè beni nou

1

Adore li! Jezi Redanmtè beni nou

Chante amoul, anonsel toupatou.

Adore li! Zanj yo ki pi wo nan syèl la;

Fòs e lonè pou Jezi, Sovè a.

Kon yon Bèje, Jezi veye pitit li,

Toujou lape pote yo nan bra li

Adore li! Pale sou gras li montre nou;

Adore li! Nan chan jwaye chak jou.

2

Adore li! Jezi, Redanmtè nap beni;

Pou peche nou, li te soufri, mouri.

Li se wòch nou, espwa lavi etènèl la;

Adore li! Jezi krisifye a.

Chante lwanj li, Jezi pote tristès nou

Amou Jezi mèvèye san fen tou.

Adore li! Pale sou gras li montre nou

Adore li! Nan chan jwaye chak jou.

3

Adore li! Nap beni sèl Redanmtè a;

Jouk pòt syèl la yap tande: Ozana!

Jezi, Sovè, va renye pandan tout syèk yo

Kouwòne li Pwofèt, e Prèt, e Wa.

Kris ap vini gran chèf sou tout latè a;

Pou Jezi, tout pisans avèk tout glwa.

Adore li! Pale sou gras li montre nou;

Adore li! Nan chan jwaye chak jou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!