No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl5 RNK – Anba lonbraj lakwa Jezi a

5 RNK – Anba lonbraj lakwa Jezi a

1

Anba lonbraj lakwa Jezi a

Se la nou va repoze;

Wi repoze nan gras Bondye

Ala bèl bagay lè nap mache

Men nou nan men Jezikri,

Nap rete fèm nan gras Bondye.

Refren

Jezi bon bèje ap veye sou nou

Li fè nou pwomès, li pap janm dòmi

Se poutèt sa nan kay bèje a

Mouton yo gen kè poze;

Wi repoze nan gras Bondye.

2

Nan pi bèl patiraj ki genyen

Se la li fè nou manje;

Nan pi bèl zèb anba frechè

Nan pi bèl rivyè kape koule,

Kape koule byen trankil,

Li fè nou bwè swaf nou pase.

3

Ou menm kap travay pou Jezi

Ou pa bezwen dekouraje;

Kenbe pi fèm, ou va rive,

Gras Bondye se benediksyon,

Eskew pa ta renmenl tou

Chwazi Jezi jodi a menm.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!