No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl24 RNK – Chak fwa mwen fè yon bagay

24 RNK – Chak fwa mwen fè yon bagay

1

Chak fwa mwen fè yon bagay,

Mwen pat pou fè,

Chak fwa mwen di yon bagay

Mwen pat pou di,

Kitem di ou sa mwen fè,

E nanm ou va beni

Mwen kache yon kote poum priye.

Refren

Men wi mwen kache, (2 fwa)

Mwen mande Sovè mwen

Pou li dirijem;

Men wi mwen kache, (2 fwa)

Mwen kache yon kote

Poum priye.

2

Frè e sè nan Senyè a

Mete nou prè,

An nou priye pou nou kapab reveye,

Jezikri fè nou pwomès

Fòk li jwenn nou prepare

Apot la di nou priye tout tan.

3

Chak fwa mwen fin lapriyè

Mwen vin pi fèm

Paske Sentespri Bondye

Pale nan kèm

Nan galat 5 vèsè 25

Moun kap viv selon lespri,

Se pou yo mache selon lespri.

4

Nan Bib la nou jwenn moun

Ki te konn priye

Pami yo nou jwenn

Moyiz epi Danyèl

Nan 1 Tesalonisyen chapit 5 vèsè 17

Apot Pòl di nou priye tout tan.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!