No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl97 CDK – Mwen tande bèl vwa bon Sovè mwen

97 CDK – Mwen tande bèl vwa bon Sovè mwen

1

Map tande bèl vwa bon Sovè mwen:

Vin swiv mwen; (3 fwa)

Vwa Jezi ap relem tout jounen:

Vin swiv mwen; (3 fwa)

Mwen te monte Kalvè pou ou;

Mwen te bay lavim pou sove ou;

Sanm vèse pou dèt peche ou:

Vin swiv mwen. (3 fwa)

2

Ou te peche, men ou jwenn padon;

Vin swiv mwen; (3 fwa)

Ma kase tout chenn peche ou yo;

Vin swiv mwen; (3 fwa)

Tout lòt bagay ava chanje,

Ma va dirije ou, si ou vle,

M va jwa ou pou letènite:

Vin swiv mwen. (3 fwa)

3

Vin remèt mwen tout chagren ou yo,

Vin swiv mwen; (3 fwa)

Mwen prèt pou wete fado ou yo,

Vin swiv mwen; (3 fwa)

Vin jwenn repo, kite krent ou;

Fèm konfyans pou sak va rive ou,

Ma seche tout dlo nan je ou;

Vin swiv mwen. (3 fwa)

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!