No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl57 RNK – Sa fè senk mil ane pase Noye bati lach...

57 RNK – Sa fè senk mil ane pase Noye bati lach la

1

Sa fè senk mil ane pase Noye bati lach la

Bondye di: Map voye delij

Pou detui latè.

Zannimo antre andedan, betizè yo mande

Si Noye panse fè lach sou tè sèk derape.

Ak fanmi li, Noye antre, Bondye fèmen pòt la

Syèl la vin sonm, zeklè pete,

Pasyans Bondye kaba.

Ala yon lapli ! (2 fwa)

Li tonbe pandan karant jou,

San li pa rete ditou, ditou,

Ala yon lapli ! (2 fwa)

Men lach la vwayaje toujou;

Ala yon lapli !

2

Moyiz ale sou lòd Bondye

Bay pèp la libète,

Wa Ejip deklare: mwen pap kite esklav ale

Banboche nan dezè ya,

Puiske yo tout parese,

Olye mwen lage yo,

Ma fè travay yo redouble.

Moyiz reponn ou pral soufri

Men Moyiz pa te pè

Li kanpe bò rivyè a leve baton li anlè.

Ala yon lapli ! (2 fwa)

Sotrèl, krapo, mouch, pou, ak grèl

Grengole sou Lejip sot nan syèl.

Ala yon lapli ! (2 fwa)

Farawon pat ka sipòtel.

Ala yon lapli !

3

Nan tan Eli an Izrayèl lè wa Akab renye,

Sechrès te rèd, twazan edmi

Lapli a pat tonbe,

Akab banboche sou Kamèl, lè Eli tap priye

Sis fwa, nanpwen anyen,

Men Eli pat dekouraje,

Byento yon ti nyaj parèt,

Eli te pran kouraj li di Akab:

Ou dwe pare pou yon kokenn lapli.

Ala yon lapli ! (2 fwa)

Syèl la tounwa, dlo a te frèt;

Akab rann kont se pa yon jwèt;

Ala yon lapli ! (2 fwa)

Lè li rive, li mouye nèt

Ala yon lapli !

4

Anvan Jezi tounen nan syèl kote li te soti

Ak onz apot yo li pwomennen jouk nan Betani

Li di: lèm rive nan syèl

Ma voye Sentespri a

Donk, rete nan Jerizalèm

Jouk pisans la vini.

Sanven disip nan chanmòt la tap veye e priye

Yon van sibit sekwe kay la

Benediksyon vide.

Ala yon lapli ! (2 fwa)

Bondye voye Sentespri li

Yo preche chak moun nan lang pa li

Ala yon lapli ! (2 fwa)

Mesaj gaye nan tout peyi

Ala yon lapli !

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!