No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl58 RNK – Wa Nebikanetza fè yo leve yon estati

58 RNK – Wa Nebikanetza fè yo leve yon estati

1

Wa Nebikanetza fè yo leve yon estati;

Li di yon moun ki pa vle adore estati sa a

Se pou yo mare pyel pou yo lage yo nan fou a

Te gen twa jèn gason ki te refize obeyi.

Refren

Yo te genyen konfyans (3 fwa)

Nan Bondye yo tap sèvi a

Tèlman yo te fidèl

Pa menm cheve yo pat boule.

2

Twa jèn sa yo se te: Chadrak, Mechak, Abèdnego,

Twa jèn sa yo te devwe pou yo sèvi Letènèl;

Tèlman yo te fidèl, yo pa te vle sèvi satan.

Wa a te fè mare yo e lage yo nan dife a.

3

Lè wa a sonje twa jèn sa yo ki te nan dife a

Li voye al gade, men yo vin dil yo wè kat moun

Katriyèm nan se te zanj Bondye ki te pami yo,

Yo tap mache nan fou a,

Yo tap louwe non Bondye.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!